Jeremi 7:18 - 1998 Haïtienne18 Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap jete diven pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou fawouche mwen. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen18 Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M. 参见章节 |
Senyè a di m konsa: — Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan Tanp lan pou fè yo, pou yo fè m pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m, yo mete yon ti branch bwa anba nen yo.