Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:13 - 1998 Haïtienne

13 Kounyeya menm, gade tou sa nou fè. Se Senyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn.

参见章节 复制




Jeremi 7:13
27 交叉引用  

Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m.


Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pèsonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m rele nou, pèsonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.


m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pat reponn. Mwen pale nou, nou pat koute m. Nou fè sa ki mal devan je m, nou pito fè sa ki p'ap fè m plezi.


Mwen menm tou m'ap pran plezi m aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pèsonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m. Y'ap fè sa ki mal devan je m, yo pito fè sa ki p'ap fè m plezi.


Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m te di yo!


Men yo pa tande, zòrèy yo bouche. Mwen te mande yo pou yo te fè tou sa mwen te ba yo lòd fè nan kontra a, men yo derefize. Se konsa mwen pini yo jan m te di yo sa nan kontra a.


Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m lè m pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.


Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m, pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m. Se Senyè a menm ki di sa.


— Depi trèzyèm lanne reny wa Jozyas, pitit Amon, nan peyi Jida rive jòdi a, sa fè venntwazan depi Senyè a ap pale avè m, venntwazan depi m'ap pale ak nou san rete, nou pa vle koute m.


Louvri zòrèy nou tande mesay pwofèt yo, sèvitè m yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo.


Tou sa va rive yo paske yo pat vle koute sa m t'ap di yo. Se Senyè a menm ki di sa. Malgre mwen pat sispann voye pwofèt yo, sèvitè m yo, ba yo, yo pa janm vle koute.


Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pat janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pat vle koute m, yo pa vle aprann.


Jonadab, pitit Rekab la, te bay lòd pou pitit li yo pa janm bwè diven. Jouk jounen jòdi a yo pa janm bwè diven. Yo swiv lòd zansèt yo te ba yo a. Men nou menm, mwen pa janm sispann avèti nou. Nou pa janm koute m.


Mwen pa janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen.


Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Senyè a, se paske nou pat koute sa li t'ap di nou, se paske nou pat mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.


Mwen pat janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m.


Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande.


Mwen di: — Ki moun ki pral koute m lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.


Depi jou zansèt nou yo te sòti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou pale ak nou.


Men, plis mwen te konsidere l tankou pitit mwen, se plis li t'ap vire do ban mwen. Yo t'ap plede fè ofrann bèt pou Baal, yo t'ap plede boule lansan pou zidòl.


Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pèsonn p'ap vin wete l sou yo.


Bondye m'ap sèvi a ap voye yo jete paske yo pa te koute li. Yo pral lage tankou sanzave nan mitan lòt nasyon yo.


Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pat koute l lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pat reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l.


— Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pat vle!


跟着我们:

广告


广告