Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:12 - 1998 Haïtienne

12 Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m te fè l poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Men ale koulye a kote plas Mwen an Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la.

参见章节 复制




Jeremi 7:12
13 交叉引用  

lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay Tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.


Si nou pa koute yo, m'ap kraze Tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.


Enben! Sa m te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.


Wi, Senyè Bondye nou an va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt pou Senyè a, lòt bèt n'a ofri ba li, ladim nou yo, lèt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' bay Senyè a.


Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Senyè a, Bondye nou an.


Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.


Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Senyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.


Zidòl Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.


Chak lanne, Elkana sòti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l'al fè sèvis pou Senyè ki gen tout pou vwa a, pou l touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Senyè a lavil Silo.


Li t'ap di: — Wi, avèk Bwat Kontra Bondye yo pran an, pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a.


跟着我们:

广告


广告