Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:11 - 1998 Haïtienne

11 Resanm nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 7:11
16 交叉引用  

tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa, tout pèp sou latè va konnen ou. Y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. Y'a konnen Tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.


Lè n'ap vin fè sèvis pou mwen, ki moun ki mande nou pou nou fè tout ale vini sa yo nan lakou Tanp mwen an?


m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m.


Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pat bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa,


Pa gen kote yon moun ka al kache pou m pa wè l. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Senyè a menm ki di sa.


Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesay mwen pat mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m. Se Senyè a menm ki di sa.


Lèfini, n'ap vin kanpe devan m nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè?


Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m, jan nou pat manke pale m mal.


O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil.


Apre sa, li di yo. — Men sa ki ekri: Y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.


Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: — Men sa ki ekri, pa vre: Y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlò.


Li di moun ki t'ap vann pijon yo: — Demaske nou, fè m' pa wè bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik.


Pa gen anyen ki envizib pou Bondye. Tout bagay parèt aklè devan li. Nou tout gen pou rann li kont.


跟着我们:

广告


广告