Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 6:9 - 1998 Haïtienne

9 Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di m ankò: — Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va fè yon rekòlt nèt, tankou chan rezen retay Israël la. Repase men ou ankò sou branch yo konsi se dènye ranmase rezen yo.”

参见章节 复制




Jeremi 6:9
7 交叉引用  

Lè lè a va rive pou yo peye pou sa yo fè a, m'ap voye yon sèl malè sou moun lavil Anatòt yo. Yo yonn p'ap chape.


Senyè a di ankò: — Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch.


Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Lè vòlò antre lakay moun lannwit, yo annik pran sa yo bezwen.


Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a regrèt yo pat mouri pito. Se Senyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.


Yon lòt zanj ankò sòti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi.


跟着我们:

广告


广告