Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 6:8 - 1998 Haïtienne

8 Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pèsonn pa rete.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”

参见章节 复制




Jeremi 6:8
23 交叉引用  

Kounyeya, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.


Nou pa vle kite m korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.


Ala bon sa bon, Senyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l konnen sa ki nan lalwa ou,


Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.


Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l fèm. Pa kite l chape anba men ou, se tout lavi ou.


Men zansèt nou yo pat koute m, yo pa okipe sa m te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m. Yo derefize fè sa m te di yo fè.


Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.


Nou te vire do ba ou, men, kounyeya nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou.


Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pat janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pat vle koute m, yo pa vle aprann.


Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pèsonn p'ap ka tenyen.


W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Senyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pèsonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò.


Peyi a pral tounen yon dezè. Nan lavil peyi Jida yo ak nan lari lavil Jerizalèm, ou p'ap tande yon moun ap pran plezi l, ou p'ap tande yon moun ap ri. P'ap menm gen fèt pou moun marye yo. Se mwen menm k'ap fè tou sa rive.


M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pèsonn ladan yo.


Se li menm ankò ki mete tout zafè l deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l toutouni, li fè m degoute l tankou lòt sè a.


Manman yo lage kò l nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m tou sa m bezwen. Yo ban m manje, yo ban m bwè. Yo ban m twal lenn ak twal fen. Yo ban m lwil oliv, yo ban m diven pou m bwè.


Menm si yo rive fè pitit, mwen p'ap kite yo fin grandi. Lè m vire do ba yo, malè ap rive yo.


Lè sa a, tè a va pran repo. Wi, lè lènmi nou yo va depòte nou byen lwen nan peyi pa yo, tè a va rete san travay, l'a pran repo.


Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.


Si yo te gen konprann, yo ta louvri je yo, yo ta wè sa ki pral rive yo.


跟着我们:

广告


广告