Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 6:7 - 1998 Haïtienne

7 Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Kon yon pwi kenbe dlo li fre, se konsa li rafrechi mechanste li. Vyolans ak destriksyon vin tande nan li. Maladi ak blesi devan M tout tan.

参见章节 复制




Jeremi 6:7
24 交叉引用  

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.


Soti nan kwenn tèt rive nan plapye, tout kò nou malad: Se blese, se foulay, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo. Yo pa mete anyen sou yo. Yo pa panse yo pou kalme doulè yo.


Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivay la.


Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zarinyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo sòti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo.


Chak fwa pou m pale se rele pou m rele. M'ap di byen fò: Men y'ap kraze brize! Men y'ap piye! Paske lè m'ap fè konnen mesay ou, y'ap fè m wont, y'ap pase m nan betiz.


Men sa Senyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Maleng ou an p'ap janm geri.


Pa gen pèsonn pou defann kòz ou. Se vre, yo konn geri maleng. Men, pou maleng pa ou la, pa gen renmèd.


Poukisa w'ap plenyen pou jan ou donmaje a, pou soufrans ou ki pa ka fini an? Se paske peche ou la te grav anpil, ou te fè anpil gwo mechanste kifè mwen pini ou konsa.


Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l la rive jouk jòdi a, se kòlè l'ap fè m fè, se move san l'ap fè m fè. Kifè kounyeya, mwen pa ka wè l devan je m ankò.


Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?


Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.


Li fè anpil san koule nan mitan li. Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l. San an koule sou wòch.


Senyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: — Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di nou sa.


Mechan yo ap pran baton pou kraze brize. Anyen p'ap rete nan richès nou yo, nan bèl bagay nou yo ak nan gwo pouvwa nou yo.


Tout bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k'ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize.


Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo.


跟着我们:

广告


广告