Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 6:6 - 1998 Haïtienne

6 Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di wa yo: — Koupe bwa, bwote tè, fè gwo bit nan pye miray lavil Jerizalèm. M'ap regle lavil la, paske nan tout lavil la se gwo k'ap peze piti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an.

参见章节 复制




Jeremi 6:6
15 交叉引用  

Men sa Senyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l nan lavil sa a. Li p'ap gentan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l.


Chak fwa pou m pale se rele pou m rele. M'ap di byen fò: Men y'ap kraze brize! Men y'ap piye! Paske lè m'ap fè konnen mesay ou, y'ap fè m wont, y'ap pase m nan betiz.


Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l. Se Senyè a menm ki di sa.


Moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap anpile tè nan pye miray yo, y'ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouray moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre.


Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l la rive jouk jòdi a, se kòlè l'ap fè m fè, se move san l'ap fè m fè. Kifè kounyeya, mwen pa ka wè l devan je m ankò.


Wi, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di sou kay lavil Jerizalèm yo, sou kay wa peyi Jida yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap atake l.


Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne reny Sedesyas, wa peyi Jida a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Senyè a ki di sa


Apre sa, w'a moutre jan lènmi pral sènen lavil la: W'a fouye yon kannal pou sòlda yo kache, w'a mete ranble nan pye miray li yo, w'a mete anplasman kan sòlda yo, w'a mete gwo poto pou defonse pòtay yo sou tout bò lavil la.


Men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa, di ankò: — Gade lavil Jerizalèm! Mwen te mete l kanpe nan mitan latè ak tout lòt nasyon yo bò kote l.


Se konsa, wa peyi Siri a pral sènen yon lavil ki gen gwo ranpa. L'ap pran l. Sòlda lame peyi Lejip yo p'ap ka kenbe tèt avè l. Menm pi bon nan sòlda yo p'ap gen fòs ankò pou kenbe.


Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo.


Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò.


跟着我们:

广告


广告