Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 6:4 - 1998 Haïtienne

4 Yo di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm: Leve non! Ann al atake l gwo midi. Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non! Solèy gentan ap kouche. Konmanse fènwa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 “Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long!

参见章节 复制




Jeremi 6:4
14 交叉引用  

Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li.


Anvan labrin tonbe, anvan solèy vin kouche, kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen, tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit k'ap kouri sou mòn byen wo yo.


Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fenk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M rete konsa m ba yo kè sere ak kè sote.


Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l fè ankò. M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k'ap touye yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye.


Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.


Pèp la ap rele: — Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase. Nou pa sove jouk kounyeya!


Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n'al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Se pou tout sòlda yo leve kanpe! Fè yo mache pran yo!


Mesay pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesay Senyè a te ban mwen: Nou te tande mesay Senyè a te bay la. Li te voye mesay li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l!


Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo pa grese pat yo, y'ap mache di sa pral gate. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Senyè a di sou pwofèt sa yo:


P'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo.


跟着我们:

广告


广告