Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 6:2 - 1998 Haïtienne

2 Ou menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la, atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Sila ki bèl e delika a, fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt.

参见章节 复制




Jeremi 6:2
7 交叉引用  

Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonnèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l toupatou.


Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: — Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.


Bondye sèl Mèt la ankòlè, li voye fènwè kouvri lavil Jerizalèm. Tout sa ki te fè respè pèp Izrayèl la, li kraze yo anba pye li. Jou li fè kòlè a, ata tanp kote li poze pye li a, li pa chonje li.


Aa! Jerizalèm, kisa pou m di ou la a! Ak ki moun pou m ta konpare sò ou? Ki jan pou m ankouraje ou? Pèsonn pa janm soufri konsa. Malè ki tonbe sou ou a pa gen limit, li gwosè lanmè a! Pèsonn pa ka fè anyen pou ou ankò!


Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra.


Menm fanm nou konnen ki pi bon moun nan mitan nou an, fanm ki pa ta janm ap mache nan lari tèlman li gen bon jan ak bon levasyon an, li va fèmen kè l, li p'ap konn ni mari li renmen anpil la, ni pitit fi, ni pitit gason.


跟着我们:

广告


广告