Jeremi 6:1 - 1998 Haïtienne1 Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou sòti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt-Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap sòti nan nò pandye sou tèt nou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 “Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon. 参见章节 |
mwen pral voye chache tout moun nan nò yo ak sèvitè mwen Nebikadneza, wa Babilòn. Se mwen menm, Senyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ladan li, ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.