Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 51:9 - 1998 Haïtienne

9 Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nyaj yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.

参见章节 复制




Jeremi 51:9
13 交叉引用  

Nan lavil Samari, te gen yon moun yo rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun Izrayèl yo ki t'ap rive Samari. Li di yo: — Senyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida. Se poutèt sa, li lage yo nan men nou. Men koulyeya, Bondye tande ki jan, nou menm, nou ansasinen yo ak raj.


Mwen di li: — O Bondye papa mwen! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou mwen fè! M'pa ka leve tèt devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil sou pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou antipile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la.


Lè sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann.


Men kote konsèy moun sa yo ap mennen ou. Ou te touye tèt ou ap sèvi yo depi ou te jenn tifi. Y'ap kouri kite ou, yo chak bò pa yo. Yo yonn p'ap rete pou delivre ou!


Li fè sòlda yo bite, yo tonbe yonn sou lòt. Yonn ap di lòt: Leve non! Ann tounen lakay nou, nan peyi nou! Ann chape anba nepe lènmi yo!


Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.


Pa kite pèsonn pou plante jaden! Pa kite pèsonn pou ranmase lè sezon rekòt rive! Lè lagè a va pete, tout moun lòt nasyon yo va chache chemen pa yo, y'a kouri met deyò al lakay yo.


Pèp la ap rele: — Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase. Nou pa sove jouk kounyeya!


Madichon pou yo! Yo kouri vire do ban mwen. Y'ap fini nèt. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen. Yo leve dèyè mwen. Mwen te vle sove yo, men y'ap fè manti sou mwen.


Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap sòti nan syèl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l anba kalamite ki pral frape li yo.


Paske, peche l yo fè pil sou pil rive jouk nan syèl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal.


跟着我们:

广告


广告