Men, ou menm, ou pa menm gen yon tonm. Yo kite kadav ou ap trennen tankou kadav chen nan granchemen. L'ap pouri nan mitan kadav sòlda yo touye nan lagè, yo jete l ansanm ak lòt kadav yo nan yon twou wòch, yo pilonnen l anba pye yo.
Lanmò pou chwal li yo! Kraze tout cha lagè li yo. Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo! Se pou yo tankou fanm san nanm. Disparèt tout richès li yo. Piye tout byen li yo.
Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l yo ap jwenn li, y'ap kraze l. Se mwen menm Senyè a ki di sa.