Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 51:2 - 1998 Haïtienne

2 Wi, m'ap voye etranje nan peyi a. Y'ap gaye l tankou van k'ap bwote pay chèch, y'ap ravaje peyi a. Lè jou malè sa a va rive, y'ap sòti toupatou vin tonbe sou li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Mwen va voye etranje yo Babylone pou yo ka vannen l, pou yo kapab devaste peyi li a; paske tout kote nan jou gwo malè li a, yo va kontra li toupatou.

参见章节 复制




Jeremi 51:2
9 交叉引用  

Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Senyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.


Men sa Senyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: — Pou m ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann sòti sou batiman ki te tout lògèy yo a.


Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la.


Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pèsonn pa ka chape. Fè l peye tou sa li te fè. Fè l pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l te kenbe tèt ak Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.


Peyi moun awogan sa yo pral tonbe. Pèsonn p'ap ka fè l kanpe ankò. M'ap mete dife nan tout lavil yo. Tout bagay alawonn pral boule.


Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.


Li gen laye l nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.


跟着我们:

广告


广告