Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 51:1 - 1998 Haïtienne

1 Senyè a di konsa: — Mwen pral fè yon gwo van soufle sou lavil Babilòn pou detwi l ansanm ak tout moun li yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va fè leve kont Babylone e kont moun k ap viv Chaldée yo, lespri a yon van kap detwi.

参见章节 复制




Jeremi 51:1
23 交叉引用  

Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l.


Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.


Se poutèt sa, jou mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.


Mwen pral moute sou tèt nyaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.


Men mesay Bondye bay sou plenn bò lanmè a, nan peyi Babilòn: — Tankou yon van siklòn k'ap bale dezè Negèv la, yon gwo malè pral sòti nan peyi san manman yo.


Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fòtèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.


Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.


M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. P'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo.


Senyè a di ankò: — Mache pran peyi moun MiraTayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!


Babilòn! Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te sòti pou goumen avè m.


Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pèsonn pa ka chape. Fè l peye tou sa li te fè. Fè l pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l te kenbe tèt ak Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.


Wi, men sa Senyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo.


Mwen pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l, yo pral kraze l. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a.


Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l yo ap jwenn li, y'ap kraze l. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Jeremi te ekri nan yon liv tout malè ki gen pou tonbe sou lavil Babilòn ansanm ak tout lòt bagay li te di sou lavil la.


Men, yo move sou li, yo derasinen l, yo jete l atè. Van lès koule tout donn li yo, li kase tout gwo branch li yo. Branch yo cheche, yo boule nan dife.


Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m'ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m'ap fè l vante sou li, l'ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L'ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l yo, l'ap pote yo ale.


Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Senyè a ki lakòz?


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m.


Sòl tonbe atè, epi l tande yon vwa ki di li: — Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?


跟着我们:

广告


广告