Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 5:9 - 1998 Haïtienne

9 Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Senyè a ki di sa

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?

参见章节 复制




Jeremi 5:9
23 交叉引用  

Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa.


Se poutèt sa, koulyeya, koute sa Senyè Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: - M'ap konbat advèsè mwen yo. M'ap tire revanj sou lènmi mwen yo.


Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m plezi!


Se poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l la rive jouk jòdi a, se kòlè l'ap fè m fè, se move san l'ap fè m fè. Kifè kounyeya, mwen pa ka wè l devan je m ankò.


Non. Senyè a pat ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pèsonn ladan l. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l jòdi a.


Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Kòlè Senyè a ap bouyi nan kè m tou, m pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Senyè a di m: — Al pase kòlè m sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di wa yo: — Koupe bwa, bwote tè, fè gwo bit nan pye miray lavil Jerizalèm. M'ap regle lavil la, paske nan tout lavil la se gwo k'ap peze piti.


Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.


Atò pou m pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Senyè a menm ki di sa.


Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.


Nou menm, moun lavil Siyon, nou fin peye pou peche nou yo. Bondye ap sispann pini nou! Men, nou menm moun Edon, Senyè a pral pini nou pou peche nou yo. L'ap denonse tou sa nou fè ki mal.


Mwen p'ap gen pitye pou nou, mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Senyè a k'ap pini nou.


Mwen pral pini li pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete bèl zanno ak bèl kolye pou plede mache dèyè bann nonm li yo. Se Senyè a menm ki di sa.


Yo renmen fè ofrann bèt. Yo touye bèt yo ofri yo epi yo manje vyann lan. Men, mwen menm, Senyè a, se pa sa ki fè m plezi. Kounyeya mwen chonje tout peche yo fè, m'ap pini yo pou sa. M'ap fè yo tounen nan peyi Lejip.


Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Senyè a, m'ap pini peyi a, m'ap fè l voye moun ki rete sou li yo jete deyò.


M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.


Senyè a, se yon Bondye jalou ki konn tire revanj. Lè li ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt ak li. Li kenbe lènmi li yo nan kè.


Se Senyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.


Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Senyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l yo. L'a bay moun ki pa vle wè l yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.


跟着我们:

广告


广告