Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 5:7 - 1998 Haïtienne

7 Nan kondisyon sa a, ki jan pou m ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.

参见章节 复制




Jeremi 5:7
39 交叉引用  

Nou mete prèt Senyè yo, pitit Arawon yo, deyò ansanm ak moun Levi yo, lèfini nou fè tankou lòt nasyon yo, nou chwazi moun pa nou pou sèvi prèt. Nenpòt moun ki vin jwenn nou ak yon towo bèf osinon ak sèt mouton, nou fè l prèt bondye nou yo ki pa bondye.


Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m nèt. Li ta boule dènye sa m genyen.


Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.


Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m pou fè sèman sa a: Nan non Senyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen.


Mwen te wè n'ap fè bagay mwen rayi. Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun, tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman, nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo. San okenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt ti mòn yo ak nan laplenn. Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre! Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou?


Lè sa a, w'a reponn yo: — Men sa Senyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y'al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo.


Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon.


Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre yo pa bondye tout bon vre. Men, pèp mwen an pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.


(Nou menm k'ap viv kounyeya, koute byen sa Senyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, eske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: — Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!


Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye. Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn. Jaden zèb yo fin cheche. Tout moun deyò pou fè sa ki mal. Yo pran fòs kouray yo pou fè sa ki pa dwat.


Senyè a te di ankò: — Jan m ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m yo pral rele m papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.


Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, pat pè. Li menm tou, l'al lage kò l nan jennès.


Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pat janm konnen anvan.


Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!


Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m rete nan mitan dezè a, pou m manyè kite pèp mwen an, pou m al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye.


Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.


Genyen k'ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k'ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Genyen k'ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo.


Nou menm, moun Efrayim, kouman nou ta vle pou m'ta lage nou an? Wi Efrayim, moun Izrayèl, kouman nou ta vle pou m'ta detwi nou tankou m' te fè lavil Adma a? Kouman nou ta vle pou m'ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.


Men, lè yo rive nan peyi ki gen bon tè a, yo manje plen vant yo, lògèy vire tèt yo, se konsa yo bliye m.


Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.


Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l'ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l.


Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.


Kanta pou moun k'ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k'ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.


Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.


Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — M'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m krentif.


Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,


Bon, men kèsyon an: eske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen.


Nan tan lontan, nou pat konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pat Bondye.


Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.


Yo fè m fè jalouzi, y'al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m fè kòlè, y'al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.


Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.


Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.


Pa mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondyè yo. Pa fè sèvis pou yo.


跟着我们:

广告


广告