Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 5:5 - 1998 Haïtienne

5 Mwen pral jwenn grannèg yo, m'a pale ak yo. Sèten, yo menm yo konnen ni sa Senyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Men, pa gen yonn ladan yo ki rekonèt otorite Bondye ankò. Yo tout ap fè sa yo pito.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo.

参见章节 复制




Jeremi 5:5
25 交叉引用  

Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Senyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.


Moyiz wè pèp la te fin dechennen, paske Arawon te lage brid ba yo, yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. Sa fè yo pat anyen ankò devan lènmi yo.


Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan anba. Yo pa defann kòz ti òfelen san papa yo. Lè yon vèv ale lajistis, yo fè lasoudorèy pou pa tande kòz li.


Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Senyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.


(Nou menm k'ap viv kounyeya, koute byen sa Senyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, eske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: — Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!


Tout moun ki t'ap fè lanmou avè ou yo bliye ou. Yo yonn pa okipe ou ankò. Mwen frape ou, tankou si m te lènmi ou. Pinisyon an te rèd pou ou, paske peche ou la te grav anpil. Ou te fè anpil gwo mechanste.


Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.


Ata krabye konnen lè pou yo retounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm, pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv.


Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m ankò. Se Senyè a menm ki di sa.


Bondye di mwen ankò: — Ras Adan! Mesye sa yo gen move lide k'ap travay nan tèt yo. Y'ap bay move konsèy lavil la.


Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè.


Sa pral rèd nèt pou moun k'ap mennen lavi dous nan peyi Siyon an, pou moun sou mòn Samari ki kwè pa gen danje pou yo! Yo pase pou lelit nan peyi Izrayèl, premye peyi sou latè. Se bò kote yo pèp la ap kouri vini. Yo di:


Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou!


Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Senyè ki gen tout pouvwa a yo ye.


Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: — Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.


Men, pwòp moun peyi l yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou.


跟着我们:

广告


广告