Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 5:4 - 1998 Haïtienne

4 Mwen di nan kè mwen: Se yon bann bègwè ki pa konprann anyen. Yo aji kou moun fou. Paske yo pa konnen ni sa Senyè a mande yo fè, ni sa Bondye vle yo fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo.

参见章节 复制




Jeremi 5:4
11 交叉引用  

Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pat konprann anyen, Bondye ki te kreye l la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l la p'ap fè l gras.


Lè ou pote l bay yon moun ki pa konn li pou ou mande l li l pou ou, l'ap reponn ou li pa konn li.


Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen.


Ata krabye konnen lè pou yo retounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm, pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv.


Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m ankò. Se Senyè a menm ki di sa.


Pèp mwen an ap peri paske li pa konnen mwen. Prèt yo voyetou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a, jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.


Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bòn Nouvèl la.


跟着我们:

广告


广告