Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 5:3 - 1998 Haïtienne

3 Senyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.

参见章节 复制




Jeremi 5:3
45 交叉引用  

Nan denmen maten, pi gran an di pi piti a: — Yèswa mwen te kouche ak papa mwen. Aswè a se tou pa ou. N'ap fè li bwè jouk li sou. Epi ou v' al kouche ak li pou nou de a ka fè pitit pou papa nou.


Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye babay li t'ap fè yo. Li t'ap kontinye ap pran moun nan pèp la konsakre yo pè savann pou fè sèvis nan tanp zidòl li yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo.


Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l konsa: — Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou!


Senyè a ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouray. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete.


Pandan tout tan yo t'ap kraze l konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Senyè a.


(8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m konprann tout bagay non!


(10) Fè m tande pawòl ki pou fè kè m kontan an, pawòl ki pou fè m chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m, men w'a fè kè m kontan ankò.


(21) Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt.


Mechan toujou pran pòz radi l. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè.


Senyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.


Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.


Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l kite sòt.


Senyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.


Se konsa, li fè pèp la santi jan l te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pat vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pat pran sa pou anyen!


Mwen te konnen jan nou wòklò. Tèt nou di pase fè, di pase wòch


Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Senyè ki gen tout pouvwa a.


Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la.


Men zansèt nou yo pat koute m, yo pa okipe sa m te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m. Yo derefize fè sa m te di yo fè.


— Men pawòl Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m di yo.


Mwen te pini pitit nou yo, men sa pat sèvi anyen. Nou pat dakò pou m te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.


Se poutèt sa pat gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.


Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo.


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di l: — Ale jwenn moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo, w'a di yo: Poukisa yo pa pran leson sou moun Rekab yo, pou yo fè sa mwen di yo fè. Se mwen menm Senyè a k'ap mande yo sa.


Jouk jòdi a nou yonn pa regrèt sa nou te fè. Pèsonn pa gen krentif pou mwen, pèsonn pa sòti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.


Men, pèsonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.


W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Senyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pèsonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò.


Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.


Tèt yo di, yo gen move santiman. Men se kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo: men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, voye di yo.


Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinay ou yo. Mwen te sòti pou m te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen.


Jan sa te ekri nan liv lalwa Moyiz la, tout malè sa a tonbe sou nou. Men, menm apre sa, nou pat chache fè ou plezi, Senyè Bondye nou. Nou pat sispann fè sa ki mal pou nou te swiv verite ou la.


Si apre tout malè sa yo nou pa korije toujou, n'ap kenbe tèt avè m toujou,


Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Mwen detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pat ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Moun sòti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinay al mande dlo, men pat gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.


Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a.


Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo pini nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.


跟着我们:

广告


广告