(10) Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Dèyè yon sèl bagay yo ye: Se fini yo vle fini ak moun. Bouch yo, ou ta di yon kavo tou louvri. Lang yo menm dous konsa pou flate moun!
Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.