Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 5:12 - 1998 Haïtienne

12 Wi, yo nye Senyè a. Y'ap plede di: Senyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Yo te manti sou SENYÈ a, pou di: “Li pa la; malè p ap rive nou e nou p ap wè nepe ni gwo grangou.

参见章节 复制




Jeremi 5:12
25 交叉引用  

Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Senyè a te vin sitèlman fache pat gen rechap pou yo ankò.


L'ap di nan kè l: Anyen pa ka brannen m. Mwen p'ap janm nan pwoblèm.


(1b) Moun fou yo di nan kè yo: — Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.


Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.


Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l pa ka bay lapli. Se ou menm ki Senyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.


Yo pa chonje reve mande kote Senyè a, li menm ki te fè nou moute sòti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.


M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.


Lè sa a, mwen di: Aaa! Senyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo.


Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Senyè a, Bondye yo a, te voye l di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a,


Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?


Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.


Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesay y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesay Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m fè sa yo di k'ap rive a rive vre.


Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.


Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou!


Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l: Kounyeya, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gendwa fè sa m pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.


Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pat kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.


N'a rete ap gade l ale. Si nou wè l pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pat sòti nan li. Se te devenn pa nou.


跟着我们:

广告


广告