Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 5:11 - 1998 Haïtienne

11 Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m nèt. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 5:11
9 交叉引用  

Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd!


Nou pat janm konn bagay konsa, nou pat janm tande sa. Mwen pat kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.


Ou menm Senyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa?


Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l, nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye.


Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m rete nan mitan dezè a, pou m manyè kite pèp mwen an, pou m al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye.


Yo pat kenbe pawòl yo ak Senyè a, yo twonpe l. Yo fè yon bann timoun ki pa janm konnen Bondye. Nan yon sèl mwa, Bondye ap detwi yo nèt ansanm ak tout jaden yo.


Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo.


跟着我们:

广告


广告