Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 5:10 - 1998 Haïtienne

10 Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 “Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.

参见章节 复制




Jeremi 5:10
24 交叉引用  

Li pran tout vil ak gwo ranpa peyi Jida yo jouk rive Jerizalèm.


Se konsa Senyè a fè moun Babilòn moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason Jida nan Tanp lan menm. Li pa te gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, moun malad kou moun gaya. Bondye lage yo tout nan men wa a.


Mwen te plante ou pou yon pye rezen bon kalite, ki soti nan bon bouti. Men koulyeya, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon, Mwen pa konn kote ou soti.


mwen pral voye chache tout moun nan nò yo ak sèvitè mwen Nebikadneza, wa Babilòn. Se mwen menm, Senyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ladan li, ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.


M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Senyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.


Moun Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm.


Men sa Senyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l nèt.


Nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè. M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Senyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.


Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m nèt. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Men sa Senyè a di ankò: — Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Senyè a ki di sa


Men, m'ap kite de twa ladan yo chape, yo p'ap touye yo nan lagè, yo p'ap mouri nan grangou, ni anba move maladi. Konsa, lè y'a nan mitan lòt nasyon yo, y'a rakonte jan yo te fè bagay ki derespektan, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.


Lè sa a, Senyè a di Oze: — W'a rele li Papèpmwen, paske moun Izrayèl yo pa moun pa mwen ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.


Mwen voye je m sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.


跟着我们:

广告


广告