Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 49:3 - 1998 Haïtienne

3 Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini! Medam lavil Raba yo, mare ren nou! Mete rad sak sou nou! Rele! Pran lari pou nou! Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi! Kriye fò, O fi a Rabbath yo! Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri e kouri fè ale retou anndan miray yo; paske Malcom va ale an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens yo.

参见章节 复制




Jeremi 49:3
28 交叉引用  

Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn sòti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm.


Salomon vire do ban mwen, l'al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Mowab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l, te fè l la.


Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.


Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Mowab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.


Pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, desanvenntwa (223) moun.


Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Senyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l devaste tè a.


Nou menm k'ap veye pòtay lavil moun Filisti yo, nou mèt plenn kont kò nou! Nou menm ki rete anndan lavil yo, nou mèt pouse kont rèl nou. Nou tout moun peyi Filisti yo, nou mèt tranble nan tout kò nou. Yon nyaj nwa ap vini sòti nan nò. Se yon gwo lame. Pa gen yonn nan sòlda li yo k'ap fè kazwèl!


Moun peyi Mowab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y'al kriye. Moun peyi Mowab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.


Men moun Mowab yo pral plenyen sò peyi Mowab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouray yo.


Men yon mesay pou lavil Tir: — Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen sòti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.


Nou menm moun peyi Fenisi, moun lakòt, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Tasis. Nou mèt plenn sò nou!


Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Senyè a move, li p'ap fè pa nou!


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: — Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li.


Peyi Mowab la pèdi pouvwa li. Nan lavil Esbon yo fè plan pou yo detwi Mowab. Yo di: Ann ale, ann disparèt peyi a sou latè! Yo fè lavil Madmèn pe bouch li. Yon gwo lame ap mache pran l!


Y'a reponn ou: Peyi Mowab tonbe! Plenn sò li, pete rèl pou li: Yo fè l wont! Fè tout moun ki rete bò ravin Anon an konnen yo ravaje peyi Mowab la.


Yo tout, yo kale tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo, yo kòche tout men yo ak kouto, yo mare sak nan ren yo.


Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo.


Men sa Senyè a di sou moun peyi Amon yo: — Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?


Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l yo. Nou pa janm konnen, li ka geri.


Senyè a pale ak pèp li a, li di l: — Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.


Y'a fè wa yo ak tout chèf yo prizonye. Y'a depòte yo. Se Senyè a menm ki di sa.


Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.


Kounyeya, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.


Jozye te voye kèk moun sòti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt-Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y'al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi.


Senyè a di Jozye konsa: — Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.


Jozye boule lavil Ayi a, li fè l tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a.


跟着我们:

广告


广告