Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 48:9 - 1998 Haïtienne

9 Pare yon mab pou mete sou tonm Mowab. Talè konsa yo pral detwi l nèt. Tout lavil peyi Mowab yo fin kraze. P'ap gen yon moun rete la ankò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Bay zèl a Moab, paske li va sove ale; epi vil pa li yo va vin yon dezè, san moun ki pou rete ladan yo.

参见章节 复制




Jeremi 48:9
8 交叉引用  

(1b) Se bò kote Senyè a mwen jwenn pwoteksyon. Kijan ou ka fè di mwen: Jete ou nan mòn, Vole jete ou tankou zwazo,


(7) Mwen di konsa: — Pa pito m te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m pran repo.


Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo.


Non. Senyè a pat ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pèsonn ladan l. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l jòdi a.


Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pèsonn ladan l.


Nou menm, moun Mowab, kite lavil nou yo, al rete nan twou wòch. Aji tankou ranmye ki fè nich nan branch bò falèz.


Se poutèt sa, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Mowab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon min sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m yo va pran peyi a pou yo.


Men, yo bay fanm lan de gwo zèl malfini pou l te ka vole ale nan plas li nan dezè a, byen lwen sèpan an. Se la yo ba l manje pandan twazan sis mwa.


跟着我们:

广告


广告