Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 48:8 - 1998 Haïtienne

8 Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Senyè a menm ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Yon destriktè va vini nan chak vil, pou pa gen vil ki chape; vale a, anplis, ap detwi, e wo plèn nan va detwi, jan SENYÈ a te pale a.

参见章节 复制




Jeremi 48:8
10 交叉引用  

Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fenk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M rete konsa m ba yo kè sere ak kè sote.


mwen pral voye chache tout moun nan nò yo ak sèvitè mwen Nebikadneza, wa Babilòn. Se mwen menm, Senyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ladan li, ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.


Nou menm k'ap viv lavil Dibon, desann sou bèl fòtèy premye klas nou an. Mete dèyè nou atè nan pousyè a. Paske moun ki te fini ak Mowab la ap vin pou nou. L'ap kraze tout gwo fò nou yo.


Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Senyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.


Senyè a pale ak pèp li a, li di l: — Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.


Enben, mwen pral fè yo atake lavil k'ap defann fontyè peyi Mowab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal-Meon ak Kiriya-Tayim.


lavil Esbon ak tout lòt lavil ki te sou platon an, ki vle di Dibon, Bamòt, Baal, Bèt-Baal-Meyon,


tout lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon.


Peyi yo a te sòti depi lavil Awoyè ki sou bò gwo ravin Anon an ak lavil ki nan mitan ravin lan, li pran tout plenn Medeba a rive lavil Dibon.


跟着我们:

广告


广告