Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 48:7 - 1998 Haïtienne

7 Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.

参见章节 复制




Jeremi 48:7
22 交叉引用  

Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l yo pran yo pote ale.


Salomon vire do ban mwen, l'al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Mowab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l, te fè l la.


Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Mowab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an.


(5) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo!


(9) Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kote Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.


Senyè a di: Men sa k'ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m, nou te al mete konfyans nou nan fo bondye.


L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l blanch. Lèfini, l'ap vire do l san pèsonn pa di l anyen.


Moun peyi Mowab yo pral wont Kemòch, bondye yo a, menm jan moun fanmi Izrayèl yo te wont bondye lavil Betèl ki te tout konfyans yo a.


Sa fè lapenn pou moun Mowab yo! Tout moun ki t'ap sèvi Kèmòch yo fini. Yo pran pitit gason ak pitit fi yo, yo fè yo prizonye, yo depòte yo.


Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini! Medam lavil Raba yo, mare ren nou! Mete rad sak sou nou! Rele! Pran lari pou nou! Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo!


Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!


Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.


Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N'ap peye manti nou te bay yo. Nou fè sa ki nan lide nou. Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen.


Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Mowab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a.


Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.


Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l, se konsa tou pou n fè l soufri, pou nou ba l anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l: Kote m chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m, mwen p'ap janm gen lapenn.


Kounyeya, ou ta vle reprann tè a nan men Senyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Senyè a, Bondye nou an, ban nou?


跟着我们:

广告


广告