Apre zanj yo te fin fè yo sòti nan lavil la, yo di l: — Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.
Y'ap tankou yon pyebwa kokobe nan yon savann dezole. Bon tan move tan, se va menmman parèyman. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen. Yo nan tè sale san dlo kote moun pa rete.
Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m tire revanj mwen. M'ap pini l pou sa li fè m lan.
Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l te batize yo. Lè konsa li di yo: — Bann vèmin! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l, sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an.