Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 47:4 - 1998 Haïtienne

4 Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Senyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki sòti nan lil Krèt la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo, pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo; paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo, retay a kot Caphtor a.

参见章节 复制




Jeremi 47:4
27 交叉引用  

Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et.


moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo sòti.


Bondye pa ka kenbe kòlè l ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.


Senyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.


Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè sòti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n aval kache tout richès nou yo?


Nou menm k'ap veye pòtay lavil moun Filisti yo, nou mèt plenn kont kò nou! Nou menm ki rete anndan lavil yo, nou mèt pouse kont rèl nou. Nou tout moun peyi Filisti yo, nou mèt tranble nan tout kò nou. Yon nyaj nwa ap vini sòti nan nò. Se yon gwo lame. Pa gen yonn nan sòlda li yo k'ap fè kazwèl!


Lè jou sa a va rive, moun ki rete sou rivay peyi Filisti a va di: Gade sa ki rive moun sa yo! Epi se sou yo nou te konte, se lakay yo nou te fè lide al chache pwoteksyon pou yo te ka sove nou anba men wa peyi Lasiri a! Kounyeya, kote n'ap bay tèt pou n chape kò nou?


Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l yo fè yo tounen esklav.


Paske, sa se jou Senyè ki gen tout pouvwa a. Se jou revanj li. Li pral tire revanj li sou lènmi l yo. Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò. Li pral bwè san yo jouk vant li plen. Se jou y'ap touye bèt yo ofri pou Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, nan nò, bò larivyè Lefrat.


Kanta pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, kriminèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive.


Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.


Enben, men sa Senyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m sou moun Filisti yo pou m pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a.


Lè m'a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t'ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k'ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k'ap vann yo pa bezwen regrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a.


Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo.


Men sa Senyè a di ankò: Nou menm, moun Izrayèl yo, mwen konsidere nou kounyeya menm jan ak moun Letyopi yo. Se mwen menm, pa vre, ki te fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip? Se pa mwen menm tou ki te fè moun Filisti yo sòti kite lil Lakrèt, epi ki te fè moun Siri yo sòti lavil Kir?


Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive.


Se menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo sòti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo.)


Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l yo tande sa moun Gad, moun Riben ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil.


跟着我们:

广告


广告