Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 47:1 - 1998 Haïtienne

1 Men mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an te al atake Gaza.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.

参见章节 复制




Jeremi 47:1
11 交叉引用  

Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.


Salomon te rive chèf sou tout peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la depi lavil Tifsak bò larivyè Lefrat la jouk lavil Gaza nan direksyon lwès. Tout ti wa ki t'ap gouvènen sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la te soumèt devan li. Salomon menm pat ni nan goumen ni nan kont ak okenn peyi nan vwazinay li.


— Nou menm, moun peyi Filisti yo, baton ki t'ap bat nou an kase. Men nou pa bezwen kontan pou sa. Paske lè yon sèpan mouri, gen yon lòt pi mechan pase li k'ap pran plas la. L'ap kale yon dragon ki gen zèl.


tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd,


Senyè sèl Mèt la di konsa: — Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj.


Enben, men sa Senyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m sou moun Filisti yo pou m pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a.


Nou menm moun lavil Tir ak moun lavil Sidon, sa n'ap chache fè m konsa? Nou menm tou ki rete nan tout zòn peyi Filisti a, se chache n'ap chache fè m peye pou sa m te fè nou? Si nou vle tire revanj nou sou mwen, enben, anvan nou bat je nou, m'ap fè nou peye sa.


跟着我们:

广告


广告