Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 45:3 - 1998 Haïtienne

3 Ou te di: Ala devenn pou mwen! Senyè a mete lafliksyon sou traka m te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 ‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”

参见章节 复制




Jeremi 45:3
28 交叉引用  

— Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l.


Malè pou mwen, paske se tankou si m te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.


Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.


(8) Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.


(7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs je m kouri dlo.


(8) Figi m fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m yo.


(4) Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m yo ap boule m sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.


Si jou malè ou pa gen kouray pou kenbe, ou pat janm gen fòs vre.


— Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesay sou ou, Bawouk.


Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m ap fann!


Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!


Li rete anwo, li voye dife sou mwen, yon dife ki boule tout andan mwen. Li tann pèlen pou mwen, li fè m' tonbe atè, li kite m' poukont mwen. M'ap kòde san rete anba soufrans.


Jije yo pou mechanste yo. Pini yo menm jan ou pini m pou peche m yo. M'ap plenn anpil. Kè m ap fann.


Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.


Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouray.


Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.


Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.


Pou nou menm, frè m yo, pa janm bouke fè sa ki byen.


跟着我们:

广告


广告