Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 42:4 - 1998 Haïtienne

4 Jeremi reponn yo: — Dakò. Mwen pral lapriyè Senyè a, Bondye nou an, jan nou mande m lan. Apre sa, m'a fè nou konnen repons Senyè a ban nou. Mwen p'ap kache nou anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Jérémie, pwofèt la, te di yo: “Mwen te tande. Gade byen, mwen va priye a SENYÈ a, Bondye nou an, an akò ak tout pawòl nou yo, epi mwen va di nou tout mesaj avèk sila SENYÈ a va reponn nou yo. Mwen p ap kenbe dèyè menm yon mo pou nou.”

参见章节 复制




Jeremi 42:4
13 交叉引用  

(11) Mwen pat manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pat manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.


Moyiz di l konsa: — Kou m sòti isit la, mwen pral lapriyè Senyè a. Denmen mouchavè yo ap sòti sou ou ansanm ak sou moun pa ou yo ak sou tout pèp la. Yo pral byen lwen. Men, piga ou twonpe nou ankò. Pa refize kite pèp la al ofri bèt pou yo touye bay Senyè a.


Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesay mwen, li fèt pou l bay mesay la jan l ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Senyè a menm ki di sa.


Okontrè, chak moun gen pou mande zanmi yo ak fanmi yo kisa Senyè a reponn, kisa li di ki pral rive.


Men sa Senyè a di l: — Ale kanpe nan lakou Tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki sòti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Senyè a. Pa wete anyen.


Kit yo vle tande ou, kit yo pa vle koute ou, zafè! Chonje se yon ras moun tèt di yo ye.


Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou.


Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m pa kache nou anyen.


Frè m yo, jan m ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo!


Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Senyè a si m ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Senyè a.


跟着我们:

广告


广告