Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 41:7 - 1998 Haïtienne

7 Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Ismayèl ansanm ak mesye l yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Malgre sa, li te rive ke lè yo te antre anndan vil la, Ismaël, fis a Nethania a ak mesye ki te avè l yo te touye yo e jete yo nan sitèn nan.

参见章节 复制




Jeremi 41:7
11 交叉引用  

Men, yonn nan òdonans li yo, Peka, pitit gason Remalya, moute yon konplo sou do li. Li pran senkant gason nan lavil Galarad, l'al atake gwo fò ki nan palè wa a lavil Samari, li touye l. Lèfini, li moute wa nan plas li.


(24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.


Yo ttoujou deyò pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò.


Men, ou menm, ou pa menm gen yon tonm. Yo kite kadav ou ap trennen tankou kadav chen nan granchemen. L'ap pouri nan mitan kadav sòlda yo touye nan lagè, yo jete l ansanm ak lòt kadav yo nan yon twou wòch, yo pilonnen l anba pye yo.


Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.


Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.


Ti krik ti krak, se fè san koule.


跟着我们:

广告


广告