Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 41:5 - 1998 Haïtienne

5 Se konsa katreven gason ki te sòti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan Tanp Jerizalèm lan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 41:5
28 交叉引用  

Lè Jakòb tounen sòti Mezopotami, li rive anbyen lavil Sichèm, nan peyi Kanaran. Li moute tant li sou moso tè ki anfas lavil la.


Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dina, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.


Frè Jozèf yo leve, y'ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje.


Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.


Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.


Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l'al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l'al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl.


Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil (6.000) pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.


Wa Asa te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Akab, pitit Omri a, moute wa peyi Izrayèl. Pandan venndezan li gouvènen peyi Izrayèl nan lavil Samari.


Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.


Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.


(15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.


Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.


Moun peyi Mowab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y'al kriye. Moun peyi Mowab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.


Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pèsonn p'ap kriye pou yo. Pèsonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.


Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pat ankò gaye.


Moun Gaza yo nan gwo lapenn, yo kale tèt yo. Moun Askalon yo pa ka pale. Kilè rès moun nan fon Filisti a va sispann kòche kò yo ak kouto pou plenn sò mò yo?


Yo tout, yo kale tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo, yo kòche tout men yo ak kouto, yo mare sak nan ren yo.


Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m te fè l poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a.


Enben! Sa m te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.


Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.


Senyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.


Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.


Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap sòti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.


Zidòl Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.


Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l yo, li di yo:


Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Senyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen.


跟着我们:

广告


广告