Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 40:3 - 1998 Haïtienne

3 Kounyeya sa li te di li t'ap fè a, li fè l. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Senyè a, yo pat vle koute l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou.

参见章节 复制




Jeremi 40:3
12 交叉引用  

Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.


Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.


Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men kounyeya, mwen pran desizyon pou m voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m fache paske y'al boule ofrann pou Baal!


Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Senyè a fè gwo lavil sa a sa?


— Al pale ak Ebèdmelèk, moun peyi Letyopi a. W'a di li men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral fè tou sa mwen te di ki gen pou rive a rive vre. Se va pou malè lavil la, se p'ap pou byen li. Lè sa a, w'a la pou wè tout bagay.


Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Senyè a, se paske nou pat koute sa li t'ap di nou, se paske nou pat mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.


Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Senyè a ki te ka rann yo jistis, kont Senyè a ki te tout espwa zansèt yo.


Senyè a fè sa li te di li t'ap fè a. Li kenbe pawòl li te di depi nan tan lontan an. Li kraze san gade dèyè. Li fè lènmi nou yo genyen batay la sou nou. Li fè yo kontan wè jan nou fini.


Men, w'ap fè tèt di. Ou pa sòti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.


Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou sòti nan bouch pèsonn: tout moun antò devan Bondye.


Y'a reponn yo: Se paske yo pat kenbe kontra Senyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo sòti kite peyi Lejip la.


跟着我们:

广告


广告