Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 40:2 - 1998 Haïtienne

2 Chèf lagad la pran Jeremi sou kote, li di l konsa: — Senyè a, Bondye ou la, te di li t'ap fè malè sa a tonbe sou peyi a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a;

参见章节 复制




Jeremi 40:2
12 交叉引用  

Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men kounyeya, mwen pran desizyon pou m voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m fache paske y'al boule ofrann pou Baal!


Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Senyè a ki te ka rann yo jistis, kont Senyè a ki te tout espwa zansèt yo.


Men, li kite kèk moun nan mas pèp la ki pat gen anyen. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.


Men tou, si nou pa koute m, si nou pa vle fè tou sa m mande nou fè la a, m'ap pini nou.


Men tou, si nou pa koute Senyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:


Lè sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo.


Lè Senyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l yo ak sou pitit fi l yo!


跟着我们:

广告


广告