Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:8 - 1998 Haïtienne

8 Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Senyè a move, li p'ap fè pa nou!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pou sa, abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou.

参见章节 复制




Jeremi 4:8
22 交叉引用  

Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo.


Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gentan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo!


Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Senyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l devaste tè a.


Jou sa a, Senyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.


Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,


Se sa ki fè tou, Senyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin ak yo.


Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo.


Se poutèt sa, Senyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo.


Moun Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo!


Nou menm chèf ki reskonsab pèp la, rele anmwe, woule kò nou atè. Lè a rive pou yo koupe tèt nou. Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè. Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè.


Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li sòti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen.


Y'a reponn ou: Peyi Mowab tonbe! Plenn sò li, pete rèl pou li: Yo fè l wont! Fè tout moun ki rete bò ravin Anon an konnen yo ravaje peyi Mowab la.


Senyè a pale ak pèp li a, li di l: — Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.


Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pèsonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Senyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m.


Ou menm, nonm o! Rele kont rele ou! Rele byen fò. Se pou pèp mwen an y'ap pare nepe a, pou tout chèf pèp Izrayèl yo. Yo pral touye yo ansanm ak tout pèp mwen an. Pran lapenn pou yo!


— Ras Adan! Bay mesaj Bondye a! Fè konnen sa Senyè sèl Mèt la voye di: — Rele non! Ala yon move jou!


Nou nenm prèt yo, mete rad lapenn sou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, Mare ren nou. Ale nan Tanp lan, pase nwit lan ak rad lapenn lan sou nou. Nou menm k'ap sèvi Bondye mwen an Nou nan lapenn. Pa gen danre, nanpwen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.


M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.


Nou menm, kale tèt nou, kale li blanch akoz pitit nou renmen anpil yo! Kale tèt nou nèt paske y'ap egzile pitit nou yo byen lwen nou.


Senyè a di Moyiz konsa: — Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.


跟着我们:

广告


广告