Jeremi 4:6 - 1998 Haïtienne6 Ba yo direksyon mòn Siyon an! Kouri al kache! Pa mize sou wout! Mwen menm, Senyè a, m ap fè yon malè sòti nan nò. Li pral fè gwo dega. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.” 参见章节 |
Apre sa, - se mwen menm Senyè a ki di sa - m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki sòti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pèsonn, yo p'ap pran priyè.
mwen pral voye chache tout moun nan nò yo ak sèvitè mwen Nebikadneza, wa Babilòn. Se mwen menm, Senyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ladan li, ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y'al atake l. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt.