Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:5 - 1998 Haïtienne

5 Mache pale tout moun nan peyi Jida a. Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo! Kònen twonpèt nan tout peyi a. Rele byen fò. Di yo pou yo sanble, pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’

参见章节 复制




Jeremi 4:5
16 交叉引用  

Malè a ap pase sou nou chak maten. N'a gen pou n sipòte l lajounen kou lannwit. Chak mesay Bondye va fè yo konnen va ba yo sezisman.


— Koute kondisyon nou te pase nan kontra a. W'a pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo.


Men, lè Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, anvayi peyi a, nou yonn di lòt: Ann antre lavil Jerizalèm pou nou chape anba lame moun Babilòn yo ak lame moun peyi Siri yo. Se konsa nou vin rete lavil Jerizalèm.


Senyè a di ankò: — Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo. Men sa pou ou fè moun Jida yo konnen. Di yo konsa:


Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou sòti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt-Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap sòti nan nò pandye sou tèt nou.


Pèp la menm ap di: — Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Senyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n mouri. Li ban nou pwazon pou n bwè, paske nou antò devan li.


Mwen mande ki moun ki gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Senyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pèsonn ladan l ankò.


Twonpèt la kònen. Tout bagay fin pare! Men, pèsonn p'ap leve al goumen paske chatiman Bondye a pral tonbe sou tout moun ki nan peyi a.


Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a.


Sonnen twonpèt, Sonnen bay siyal sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, Paske jou Senyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.


Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Senyè a ki lakòz?


Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Senyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesay la?


— Fè yo fè de twonpèt an ajan pou ou. Y'a pran yon gwo moso ajan, y'a bat li ak mato pou fè chak twonpèt yo. W'a sèvi ak yo pou avèti moun yo lè pou yo reyini ak lè lè a rive pou yo leve pati.


Depi yo kònen twonpèt yo ansanm, se pou tout moun kouri reyini bò kote ou devan pòt Tant Randevou a.


Jozye ak sòlda pèp Izrayèl yo t'ap masakre yo: sa ki te chape yo kouri al kache nan lavil ki gen gwo ranpa yo.


跟着我们:

广告


广告