Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:4 - 1998 Haïtienne

4 Nou menm ki pote mak kontra m lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pèsonn p'ap ka sove nou anba men m.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo.

参见章节 复制




Jeremi 4:4
36 交叉引用  

Moun Jerizalèm vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou Jerizalèm. Kòlè mwen poko ap pase.


Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.


Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l bwa. Senyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l.


Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!


M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo nan yon peyi nou pa konnen, paske nou fè m fè kòlè. Tankou yon dife m'ap boule nou.


Nou menm ki sòti nan branch fanmi wa David la, men sa Senyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.


Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouray mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè.


Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.


Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Senyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la.


Non. Senyè a pat ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pèsonn ladan l. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l jòdi a.


Senyè a di ankò: — Yon jou pral rive kote mwen pral regle moun ki pote mak kontra m lan sou kò yo, men ki pa konnen m nan kè yo:


moun peyi Lejip yo, moun peyi Jida yo, moun peyi Edon yo, moun peyi Amon yo, moun peyi Mowab yo, moun ki koupe cheve yo kout epi ki rete nan dezè a. Yo yonn pa kenbe kontra m lan. Wi, ni moun peyi sa yo ni moun pèp Izrayèl yo, yo yonn pa kenbe kontra m lan.


Senyè a fache nèt. Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon. Li boule l ratè.


M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou.


Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa?


Jan nou konnen mwen vivan vre a! Se mwen menm, Senyè Sèl Mèt la, k'ap pale! Se mwen menm k'ap gouvènen nou. M'ap kenbe nou anba ponyèt mwen ak tout fòs kouray mwen, m'ap fè nou santi kòlè m.


Mwen menm tou, m'ap bat men pou ankouraje. Se pou m move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki pale.


Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinay ou yo. Mwen te sòti pou m te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen.


Mwen kite san an la sou wòch yo, kote yo pa ka kouvri l, pou l ka mande revanj paske sa fè m fache anpil.


Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa sòti pou fè volonte m, antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m plezi.


Moun ki lwen yo pral tonbe malad, y'ap mouri. Moun pre yo pral mouri nan lagè. Sa ki va rete yo pral mouri grangou. M'ap move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò.


Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.


lè sa a m'a kenbe tèt ak nou tou, m'a pran chenn sou nou. Se mwen menm toujou k'ap pini nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.


Se poutèt sa mwen menm tou, mwen te kenbe tèt ak yo, mwen te mennen yo prizonye nan peyi lènmi yo. Lè sa a, moun ki te gen lògèy plen kè yo va soumèt devan m, y'a peye pou sa yo te fè a.


Chache vin jwenn Senyè a, n'a gen lavi. Si se pa sa, l'ap tonbe sou pèp Izrayèl la tankou dife. Dife a ap boule lavil Betèl. Pèsonn p'ap ka tenyen l.


anvan nou pase tankou pay van pote ale yon sèl jou, anvan dife kòlè Senyè a tonbe sou nou, anvan jou kòlè Senyè a rive sou nou.


Si ou fè sa lalwa a mande ou fè, sikonsizyon an gen valè pou ou. Men, si w'ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pat janm sikonsi.


Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Senyè a. Sispann fè wòklò ak li,


Senyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.


Lè m an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.


Nou menm ki nan Kris la, nou te sikonsi tou, men se pa men lèzòm ki te sikonsi nou. Sikonsizyon pa nou an delivre nou anba kò peche a: se sa sikonsizyon Kris la ye.


跟着我们:

广告


广告