Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:21 - 1998 Haïtienne

21 Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?

参见章节 复制




Jeremi 4:21
11 交叉引用  

Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv.


Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.


Se konsa Senyè a fè moun Babilòn moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason Jida nan Tanp lan menm. Li pa te gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, moun malad kou moun gaya. Bondye lage yo tout nan men wa a.


Neko, wa peyi Lejip la, mete l atè, li fòse peyi Jida a ba li sètmil senksan (7500) liv ajan ak swasannkenz liv lò.


Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m ap fè m mal! Kè mwen ap bat byen fò. M pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.


Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo.


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Non! Se nan peyi Lejip nou pral viv, kote nou p'ap wè lagè, kote nou p'ap tande twonpèt k'ap bay siyal lagè a, kote nou p'ap soufri grangou. Se la pou n'al viv.


Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou sòti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt-Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap sòti nan nò pandye sou tèt nou.


跟着我们:

广告


广告