Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:2 - 1998 Haïtienne

2 si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”

参见章节 复制




Jeremi 4:2
30 交叉引用  

Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m te mande ou fè a.


Salomon reponn: — Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m, David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pat janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pat janm sispann fè l wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a.


Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l beni yo menm jan li beni wa a.


Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.


Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pèsonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.


Men, gremesi Senyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò. Yo pral fè lwanj mwen.


Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.


Men ou menm Senyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.


Men, lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo.


Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m pou fè sèman sa a: Nan non Senyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen.


Senyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va sòti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: — Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.


Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fòtèy Senyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Senyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.


Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.


Yo te mèt pran non m pou fè sèman, se pou twonpe moun.


Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.


Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m plezi. Se mwen Senyè a ki di sa.


Izrayèl, m'ap pran angajman pou m viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.


Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!


M'ap mennen yo tounen pou yo ka rete lavil Jerizalèm ankò. Y'a pou mwen yon pèp ki rele m pa m. Mwen menm m'a Bondye yo. M'a kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo menm, y'a fè sa m'a mande yo fè.


Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri bon bagay pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.


Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.


Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.


Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram Bòn Nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.


Se pou Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l. Se nan non l ase pou nou fè sèman.


Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Senyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l t'ap di nou an.


Se pou Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.


Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.


Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten, m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben mwen sèmante devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran li mwen menm. Koulyeya, rete kouche la jouk denmen maten.


Men David sèmante, li di li konsa: — Papa ou konnen jan ou renmen mwen. Li ka di nan kè li: mwen p'ap kite Jonatan konnen pou sa mwen gen lide fè a pa fè li lapenn. Mwen sèmante devan Bondye, sa ki rete pou mwen mouri a pa anyen.


跟着我们:

广告


广告