Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:18 - 1998 Haïtienne

18 Jida, se lenkondit ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”

参见章节 复制




Jeremi 4:18
15 交叉引用  

Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo t fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal.


Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo.


Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.


Men sa Senyè a di ankò: — Si mwen te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m'ta vann nou kòm esklav la? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou mwen te voye manman nou tounen lakay li.


Moun yo t'ap bay mesay sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pèsonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.


Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Senyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.


Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Senyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.


Lè sa a, eske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Senyè a, yo mande l pou l gen pitye pou yo. Se konsa Senyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Kounyeya, nou sòti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.


Lè y'a mande poukisa Senyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y'al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou.


Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo.


Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.


Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m bwè labsent jouk mwen sou.


Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.


Men, yo pa janm mete nan tèt yo m'ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen.


跟着我们:

广告


广告