Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:16 - 1998 Haïtienne

16 Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l. Lènmi ap sòti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon peyi lwen! Yo leve vwa yo kontra vil Juda yo.

参见章节 复制




Jeremi 4:16
18 交叉引用  

Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute!


Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l: — Kote mesye sa yo sòti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: — Yo sòti nan yon peyi byen lwen, yo sòti nan peyi Babilòn.


Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fòtèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.


Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pèsonn p'ap kriye pou yo. Pèsonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.


Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.


Senyè a di ankò: — Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fè konnen l nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Senyè a te gaye tout pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral sanble yo ankò. Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l.


Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne reny Sedesyas, wa peyi Jida a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou.


Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Senyè a. Se Senyè a menm ki di sa.


Men sa Senyè a di ankò: — Nou menm, pèp Izrayèl, Senyè a pral fè yon nasyon sòti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di.


Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatya li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!


— Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.


Se poutèt sa, Senyè a di ankò: — Nou menm, moun lòt nasyon yo, koute! Nou menm ki sanble la a, vin tande sa ki pral rive pèp mwen an.


Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.


Men sa Senyè a di ankò: — Moun ap sòti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè.


Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.


Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Senyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Senyè a reponn: — Poukisa nou fè m fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.


Bon! Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranble nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l toupatou.


跟着我们:

广告


广告