Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:13 - 1998 Haïtienne

13 Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nyaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt!

参见章节 复制




Jeremi 4:13
28 交叉引用  

Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon.


Senyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap sòti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a.


Men mesay Bondye bay sou peyi Lejip la: — Senyè a chita sou yon nyaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l. Moun peyi Lejip yo gen kè kase.


Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Senyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.


Pwent flèch yo taye byen fen. Banza yo tou pare pou tire. Pye chwal yo di kou wòch. Kabwèt yo woule vit tankou van siklòn.


Senyè a ap vin nan yon gwo dife. Cha li yo ap pase tankou yon toubouyon. Kòlè li se dife. Pawòl li yo se flanm dife.


Moun Jerizalèm yo rele: — Ki malè sa a pou nou! Nou pran! Pa gen anyen ki ka sove nou! Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte.


Men se yon gwo van m'ap fè sòti laba a. Kounyeya se mwen menm, Senyè a, ki pral ba yo santans yo.


Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: — Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.


Mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.


Men sa Senyè a di ankò: — Tankou yon malfini, yon lènmi ap plannen ak zèl li yo gran louvri sou Mowab.


Tankou malfini k'ap vole ak zèl yo tou louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon pral anba kè sere tankou fanm tranche pran li.


Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.


Tande rèl moun yo sou mòn Siyon an. — Woy! Woy! Gade jan nou fini! Ala wont nou wont! Se pou nou kite peyi nou an! Yo kraze tout kay nou yo.


Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.


Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nyaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe.


L'ap moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nyaj.


Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann.


Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l, yo fè l kanpe tankou yon moun sou pat dèyè l yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun.


Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a.


Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.


Senyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Senyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nyaj yo, se pousyè pye l yo ap leve.


Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo sòti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.


Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap sòti nan fant de mòn fèt an kwiv.


Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.


Senyè a pral mennen yon nasyon sòti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.


Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè l, menm moun ki te pèse l yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.


跟着我们:

广告


广告