Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:11 - 1998 Haïtienne

11 Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle sòti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye.

参见章节 复制




Jeremi 4:11
28 交叉引用  

Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.


Se poutèt sa mwen di: Kite m pou kont mwen pou m ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!


Pou l te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van sòti nan lès pote yo ale.


Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Senyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.


Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.


Mwen menm, Senyè a, mwen pral gaye yo tankou pay van ap gaye nan savann.


Men sa w'a di yo ankò: — Se pou je m koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.


Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.


Men se yon gwo van m'ap fè sòti laba a. Kounyeya se mwen menm, Senyè a, ki pral ba yo santans yo.


Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Senyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Senyè a reponn: — Poukisa nou fè m fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.


Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!


Se poutèt sa, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: — Mwen pral pase yo nan dife pou m netwaye yo tankou yo fè l pou lò. Mwen pral sonde yo. Pèp mwen an fè twòp mechanste. Pou jan yo fè mechanste, se sa m bliye m p'ap fè yo.


Je m wouj afòs mwen kriye. Kè m sere. M pèdi kouray lè m wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.


De je m yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!


Manman ki te renmen pitit yo anpil, kounyeya, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou.


Ata manman chat mawon bay pitit yo tete. Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k'ap viv nan dezè. Yo pa pran swen pitit yo.


Peche lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm, ki te rete konsa Bondye disparèt li.


Wi, yo te plante l. Men, eske l'ap grandi? Eske li p'ap mouri lè van lès la va soufle sou li? Eske li p'ap mouri lamenm kote li t'ap pouse a?


Men, yo move sou li, yo derasinen l, yo jete l atè. Van lès koule tout donn li yo, li kase tout gwo branch li yo. Branch yo cheche, yo boule nan dife.


Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m'ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m'ap fè l vante sou li, l'ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L'ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l yo, l'ap pote yo ale.


Konsa, moun sa yo ap disparèt tankou vapè ki leve granmaten. Y'ap tankou pay van ap gaye. Y'ap tankou lafimen k'ap soti nan fetay lakizin.


Yo pran nan yon move kouran. Y'a wont ofrann bèt y'ap fè pou touye pou zidòl yo.


Yo pase tankou yon koutvan, yo kraze brize, epi y'al fè wout yo. Bondye yo se fòs yo gen nan ponyèt yo. Se nan sa yo kwè.


M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp san pitye, san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo.


Li gen laye l nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.


Laye l nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.


跟着我们:

广告


广告