Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:10 - 1998 Haïtienne

10 Lè sa a, mwen di: Aaa! Senyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”

参见章节 复制




Jeremi 4:10
21 交叉引用  

Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Senyè a ankò, li di l: — Senyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m?


Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m sou tout latè.


Y'ap di moun k'ap fè vizyon yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.


M'ap pwoteje lavil sa a, m'ap delivre l pou m fè respè tèt mwen, pou m kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m lan.


Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k'ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la!


Mwen reponn li: — Aa! Senyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.


Yo pale ak moun ki derefize koute m yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki sòti pou kenbe tèt avè m, y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!


— Aa, Senyè, Bondye! Se avèk fòs kouray ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.


Jida, se lenkondit ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè.


Wi, yo nye Senyè a. Y'ap plede di: Senyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou!


Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.


Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p'ap mache.


Jenn gason kou granmoun mouri atè nan mitan lari. Jenn tifi yo ak jenn tigason yo mouri nan lagè! Jou ou ankòlè, ou touye moun, ou kraze moun sa gad dèyè.


Antan m'ap bay mesay la, Pelatya, pitit gason Benaja a, tonbe li mouri frèt. Mwen lage kò m ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè, mwen rele byen fò, mwen di: — O Senyè, Bondye sèl Mèt la! Eske ou pral touye ti rès moun ki rete nan pèp Izrayèl la?


Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo.


Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe. Yo pito fè sa ki pa bon.


Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pat dwe fè.


跟着我们:

广告


广告