Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 4:1 - 1998 Haïtienne

1 Men sa Senyè a di ankò: — Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m, si nou sispann lage kò nou nan raje,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase.

参见章节 复制




Jeremi 4:1
38 交叉引用  

Se konsa Jakòb rele fanmi li yo ansanm ak tout lòt moun ki te ak li yo, li di yo: — Pran tout zidòl n'ap sèvi yo, voye yo jete. Mete nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Mete rad pwòp sou nou.


Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Mowab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.


Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Senyè a.


Lè Asa tande mesay pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouray. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Senyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Senyè a.


Depi moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a.


Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl yo nan obligasyon pou yo sèvi Senyè Bondye yo a. Se konsa, pandan tout tan Jozyas vivan, tout pèp la te kenbe pye Bondye zansèt yo a fèm.


Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Kounyeya, tounen vin jwenn mwen!


Men sa Senyè a reponn mwen: — Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m ankò pou ou sèvi m. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo.


M'ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a.


Bon! Kounyeya, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Senyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.


Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.


Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t'ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Senyè a te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan an.


Senyè a di ankò: — Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l, l'al fè afè ak yon lòt gason, eske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi kounyeya nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an.


Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Senyè a ki Bondye nou!


Mwen pa janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m.


Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo.


Nou menm ki pote mak kontra m lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pèsonn p'ap ka sove nou anba men m.


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m ka kite nou viv isit la.


Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.


Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan.


Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a.


l'ap bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gendwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè.


Kounyeya, se pou yo sispann fè sèvis pou lòt bondye, se pou yo wete kadav wa yo devan je m! Si yo fè sa, m'a rete nan mitan yo pou tout tan.


Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.


Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari li nonplis. Pale ak li pou li manyè kite fè jennès, pou li wete nan kòsay li bann zidòl li renmen anpil yo.


Yo vire do ban mwen pou y'al dèyè lòt bondye. Yo tankou yon banza ki pa ka sèvi ankò. Chèf yo ap pale ak twòp awogans. Se poutèt sa, yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, moun peyi Lejip yo pral pase yo nan kont rizib yo.


Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!


Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesay mwen. Yo te di yo: Men sa Senyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pat koute m, yo fè tankou se pa avè yo m t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a.


— Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l yon kote pou l fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Senyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: — Se sa menm! Nou dakò!


Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Senyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l t'ap di nou an.


Kounyeya menm, se pou nou gen krentif pou Senyè a, se pou nou sèvi l ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Senyè a.


Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Senyè a. Senyè a pat gen kè pou l wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.


Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: — Si nou tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Senyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.


跟着我们:

广告


广告