Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 39:9 - 1998 Haïtienne

9 Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone.

参见章节 复制




Jeremi 39:9
20 交叉引用  

Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gentan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.


Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.


Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite nan lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs ki te rete nan lavil la.


Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.


Se lpoutèt sa, y'ap depòte yo san yo pa rann yo kont sa. Grannèg yo pral nan grangou. Ata dlo popilasyon an p'ap jwenn pou yo bwè.


Men sa Senyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape.


Se konsa, m'ap mete nou dèyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.


Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip.


Wa Sedesyas reponn: — Ou konnen sa m pè? Se moun peyi Jida yo ki deja al rann tèt yo bay moun Babilòn yo. Mwen pè pou moun Babilòn yo pa lage m nan men yo pou yo maltrete m.


Senyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn.


Te gen yon rès lame peyi Jida a ki te andeyò lavil Jerizalèm. Chèf yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya, pitit Akikam lan, chèf sou tout peyi a. Wa a te kite tout moun yo pat depòte yo sou kont li, tout moun pòv yo, fanm kou gason, granmoun kou timoun.


Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.


Wa a fè bat yo, lèfini li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun peyi Jida yo byen lwen peyi yo.


Lè sa a, Danyèl al jwenn Ajòk, kòmandan gad palè wa a ki t'ap pase pou l'al touye nèg save yo. Li pran san li pou l pale byen avè l.


M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pèsonn rete ladan yo.


Senyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Senyè a pral mennen nou an.


跟着我们:

广告


广告